ETAZINI/IMIGRASYON: IMIGRASYON NAN PEYI ETAZINI PA RESPEKTE LÒD PREZIDAN AMERIKEN AN JOE BIDEN KI TE SIYEN POU YO KANPE NAN VOYE MOUN TOUNEN NAN PEYI YO A.

ICE ki siyifi nan lang meriken an “Immigration and Customs Enforcement” vyole moratwa 100 jou ke prezidan ameriken an Joe Biden te siyen apre li te fin pran pouvwa a nan peyi Etazini pou mande sispann voye moun retounen nan peyi yo a.

Malgre moratwa sa imigrasyon peyi Etazini voye tounen 72 ayisyen jounen lendi 8 fevriye 2021 an ki te mande azil, nan 72 moun sa yo nou jwenn 21 timoun ak yon ti bebe ki gen sèlman de (2) mwa nan yon moman tansyon kriz la ap moute nan peyi Dayiti.

 

Moratwa: mo sa vle di yon dèle.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …