ETAZINI/KOWONAVIRIS: ETAZINI PRAL ENVESTI $ 486 MILYON DOLA POU TOUYE KOWONAVIRIS LA.

Gouvènman ameriken an pral envesti prèske mwatye yon milya dola vèt nan devlopman ak distribisyon gwo echèl yon trètman pou COVID – 19 la nan Laboratwa Britanik AstraZeneca.

« Avèk yon envestisman $ 486 milyon Gouvènman ameriken an pral kontribye nan devlopman ak distribisyon 100 mil dòz vaksen kont kowonaviris la nan fen ane 2020 an, epi li kapab jwenn yon milyon plis dòz vaksen kont kowonaviris la an 2021. » daprè deklarasyon jeyan Laboratwa famasetik Britanik sa a ki gen nan tèt li Leif Johansson.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …