EVONIE GEORGES AUGUSTE, MANM KNVA, ESTIME MOMAN AN PA FAVORAB POU CHANJE KONSTITISYON AN.*

_Evonie Georges Auguste, manm konfederasyon nasyonal vodouyizan ayisyen (KNVA), nan lanwit  Madi 20 avril 2021 an deklare moman an pa favorab pou chanje konstitisyon an nan youn nan medya peyi an.

« Nou pa pou referandòm, Nenpòt jan l ap òganize a lap agrave kriz la. Moman an pa favorab pou chanje konstitisyon an menm si li merite chanje », estime Evonie Georges Auguste.

Manm KNVA a, madam Evonie, menm jan ak anpil lòt moun nan sosyete a, panse dwe gen plis deba ak refleksyon yon pakèt lòt sektè sou pwojè chanje konstitisyon an.

Sepandan, yon lòt kote, Evonie Georges Auguste pa danse kole ak lide tranzisyon sektè demokratik la kap pale a. »Pozisyon sektè vodou a klè, nou vle yon eli ranplase yon eli », daprè sa li deklare.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …