FIÈVRE PORCINE » : YON DEPITE DOMINIKEN PWOPOZE POU METE DIFE SOU TOUT KOCHON NAN PEYI SENDOMENG*

Rafael Abel, prezidan komisyon agrikilti chanm depite yo pwopoze pou boule tout kochon yo nan sousi pou mete fen ak fyèv pòsin nan kap taye nan peyi Sendomeng._

Alòske peyi Etazini mete entèdiksyon pou okenn pwodui ki fèt ak vyann kochon, ki soti Sendomeng pa rantre sou teritwa li a, Rafael Abel, bò kote pa li mande pou boule tout kochon ki Sendomeng.

Nan pati lwès zile a, ki vle di an Ayiti okenn desizyon poko pran parapò ak pwoblèm sanitè sa kap devlope nan pati lès zile a, alòske peyi Etazini gentan mete entèdiksyon pou okenn pwodui ki gen kochon ladann, ki soti Sendomeng pa rantre sou teritwa li a.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto :jounal listen dario

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …