Ekip Risi an korije fòmasyon Ejip 3-1 nan estad Saint Pétersbourg ak yon gòl Ejipsyen an A.Fathi nan 47′ kont pròp kanl, 1 gòl pou D. Sheryshev 59′,1 gòl A.Dziouba 62′ minit epi M. Salah te make dènye gòl rankont lan nan 73′.
De ekip foutbòl yon te kanpe an 4-2-3-1.
Chanjeman Larisi:
1) 74′ D. Kouzyaev #7 rantre, D. Sheryshev soti.
2) 79′ F. Smolov #10 rantre nan plas A. Dziouba #22.
3) 86′ F.Kudryashov #13 rantre nan plas I.Jirkov.
Chanjeman Egip:
1) 64′ Amr Warda #22 rantre nan plas M. El Nenny.
2) 68′ Ramadan Sobhi #14 ranplase Trezeguet.
3) 82′ Kharaba #11 rantre nan plas M. Mohsen #9.
Katon Jonn:
1) Trezeguet 57′ (Ejipsyen)
2) Smolov 84′ (Ris) .
– Ekip Risi yan te gen 40% posesyon balon an kont 59 pou Ejip.
– Ris yo fè 11 chout nan match lan, 3 sèman ki kadre poutan Ejipsyen sou 13 chout se 1 ki kadre.
– Match boul sa tegen 21 fot, 11 bò kote Larisi ak 10 pou Fararon yo.
– Larisi jwenn 7 kònè kont 4 konè pou Ejipsyen yo.
Ridoré Steeve
ridoresteeve@Gmail.com
( +509) 3178-98-79