FOUTBÒL/ADMINISTRASYON:JEAN JACQUES PIERRE : » SA DERANJE MWEN GEN YON PAKÈT ANSYEN JWÈ KI PA ASEPTE NOUVO JWÈ YO »

_Anyen pap mache nan seleksyon nasyonal senyò foutbòl ayisyen an. Gen bouch louvri ant yon pakèt kad nan seleksyon a ak antrenè a,daprè  Jean Jacques Pierre. Seleksyonè a fè konnen gen anpil nan ansyen jwè yo ki pa asepte nouvo jwè yo paske yo pa vle pèdi plas yo._

« Pou yo, nouvo jwè yo ap pran plas yo. Sa deranje m gen yon pakèt ansyen jwè ki pa asepte nouvo jwè yo », esplike seleksyonè nasyonal la, Jean Jacques Pierre.

Ansyen jwè As Cavaly a ki vin antrenè grenadye yo fè konnen jwè yo di li : » Kotch ou vini ak lòt jwè pou pran plas nou ». E se apati moman sa, daprè Jean Jacques Pierre, nèg yo kòmanse kanpe nan seleksyon an.

« Lè ou se espòtif, plas yo se moun kap travay ki jwenn yo; moun kap bouje dèyè yo sou teren an », deklare Jean Jacques Pierre.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …