FOUTBÒL/LOKAL: MAJISTRA GONAYIV LA NEIL LATORTUE FÈ YON DON 175 MIL GOUD AK EKIP EKLÈ GONAYIV LA.

Aprè sikilè FHF ta pral soti nan mitan mwa desanm 2019 la ki sot pase a pou te anonse ak tout ekip premye divizyon nan chanpyona nasyonal la pap gen ekip kap desann nan D2 a.

Tout sak pa bon pou youn bon pou yon lòt, pwovèb kreyòl sa tradi reyalite ekip D1 yo ane sa akoz movman « Peyi lòk » la ,dezyèm pati chanpyona a ta pral anile sa ki vinn lakoz nouvel sezon an chanpyona a ap pase de 16 ak 18 ekip,16 ekip ki te deja ap jwe nan piwo nivo a ak 2 lòt kap soti nan pleyòf D2 a.

Se nan objektif sa ansyen foutbolè,aksyel majistra Gonayiv la Neil Latortue ta pral bay yon chèk 175 mil goud ak ekip tè sale a pou komanse fe preparasyon yo nan lide pou al antame nouvel sezon an,menm si okenn ekip poko konnen ki jou? kilè chanpyona a ap gen pou’l louvri pòt li pandan nouvel ane sa.

 

 

Mackensonsevere92@gmail.com / E

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ballon d’Or 2025 : Entre prestige et illusion dorée.

Le 22 septembre prochain, le Théâtre du Châtelet à Paris accueillera la 69e cérémonie du …