GOLD CUP: GRENADYE YO PRAL GEN POU MONTRE PWOGRÈ FOUTBÒL AYISYEN AN FAS AK BÈMID

Jodi dimanche 16 jwen 2019 la seleksyon Ayisyèn nan pral antre nan batay fas ak Bèmid nan sa ki konsène Gold Cup pou premye match yo.

Match sa ap jwe nan Estadio Nacional nan peyi Kosta Rika, match sa pral gen pou jwe a 6 zè nan aprè midi. Grenadye yo bezwen sipò chak grenn ayisyen pou al ankouraje yo pou yo gen plis konfyans fas ak ekip Bèmid la.Se vre advèsè sa pa reprezante twòp danje pou Ayiti parapò ak kalite foutbòl nou an ki chanje nivo men fòk grenadye yo al jwe nan lide pou bay seleksyon wouj ak ble a la viktwa.

Deja anpil dispozisyon pran pou Grenadye yo selebre viktwa aprè 90 minit yo pral pase sou tèren an, seleksyon ayisyèn nan resevwa yon anvlòp ki gen ladan 25 milyon goud nan men gouvènman.

Se vre Ayiti an kriz men sa pa anpeche fanatik foutbòl yo ap ret tann bèl rankont sila ki se premye match grenadye yo nan poul la.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …