Grenadye yo aprè yo te fin jwe yon bèl faz de poul avèk yon bilan 9/9, twa (3) match twa (3) viktwa epi an kade final yo te fè yon bèl viktwa gloryez epi istorik (3-2) fas ak Kanada eben ayè madi 2 jiyè 2019 la seleksyon nasyonal ayisyèn nan jwenn eliminasyon’l avèk konplisite abit santral la fas ak Meksik.
Se te yon rankont kote Meksiken yo te favori sou papye pa rapò ak nivo foutbòl yo epi ak eksperyans yo genyen nan tèm konpetisyon . Se yon rankont kote aztèk yo te lajman domine men grenadye yo tap eseye jere match yo malgre yo pat gen balon nan pye yo vrèman akoz se Meksik ki tap domine premye mitan.
Ayiti depi nan premye mitan te jwenn yon bèl okazyon avèk Frantzdy Pierrot men ki te fè yon move chout ki pat antre nan filè advèsè a. Se yon premye mitan ki te fini (0-0)
Nan dezyèm mitan an grenadye yo te parèt pi detèmine men se pat diferan bòkote meksiken yo ki te toujou ap chèche brèch la. Ayiti rate plizyè bèl okazyon avèk Nazon ki, Hervé Bazil te plis ap jwe pou fè moun wè li konn drible olye li libere pas pou pèmèt Ayiti fè gòl. Donk nèg yo jwe twò endividyèl, se vre Nazon pèsonèl pafwa men anpil moun kritike antrenè a lè li retire Nazon nan match la pandan Hervé ak Pierrot patap jwe anyen. Se te yon match soufrans pou grenadye yo, a lèl, meksiken yo te vrèman alèz epi yo te jwenn do defans Ayiti an fasil men kanmenm grenadye yo te kenbe la jiskaske dezyèm mitan fini epi yo franchi pou al jwe tan polongasyon yo.
Se nan premye mitan pwolonhasyon yo abit santral la pral detui rèv grenadye avèk yon fo penalite li te envante nan 93 zyèm minit match la,yon penalite nan zye anpil moun ki pa penalite paske sou aksyon an gen kontak se vre men Meksiken kap atake a te an dezekilib li te tou pwofite lage kò’l nan kare a, yon penalite ki pa evidan.
Finalman se Raul Jimenez ki choute penalite a li bati Jhonny Placide sa ki mete match la (1-0) an favè Meksik.
Yon gòl ki te pote dezespwa pou ayisyen ki podyab tap eseye fè efò pou jwenn egalizasyon men sa pat rive fèt malgre nan fen match la Cantave te tante yon tir ki te al fink kous li sou ba transvèsal la,se fini pou Ayiti,se tout yon rèv ki detui.
Florestal Wilky