_Rantre sid kapital la, nan nivo Matisan leve jounen lendi 11 oktòb 2021 anba anpil kout zam._
Zam pa sispann chante nan Matisan prèske chak jou depi apre batay gang ak gang nan katye sa yo te eklate kote anpil moun ki t ap viv nan zòn nan te oblije al pran refij yo swa sou plas fontamara a swa nan sant espòtif Kafou a.
Daprè enfòmasyon yo, anpil bal ap tire Matisan nan moman tèks sa ap ekri (6è 30). Parapò ak sityasyon sa, anpil moun ki te soti nan Grand Sid la pou ale nan aktivite yo poko ka travèse e gen kèk moun tou ki kase tèt tounen.
Lapolis Nasyonal Dayiti poko janm pran okenn desizyon vrèman pou tabli lòd ak lapè nan rantre sid kapital la.