KONN PEYIW: BELADÈ,YON VIL KI KENBE BOTE LI MALGRE KRIZ PEYI DAYITI A.

Vil Dumarsais Estimé a Beladè ki fonde nan lane 1948 se yon bèl vil ki chita kò li nan plato santral se yon vil fwontalyè ak Repiblik Dominikèn,vil sa kenbe bote l epi li toujou rete pwòp malgre alekile politisyen ayisyen itilize fatra pou sal vizaj peyi nou an.

Gen prèske yon mwa depi peyi a ap viv yon kriz ki koz anpil move sitiyasyon kritik toupatou, sitou kapital la ki se Pòtoprens, li tounen yon veritab pak ak fatra. Majorite kote nan peyia itilize fatra pou bare ri yo epi moun yo itilize kawotchou pou boule sa ki koz anpil maladi atake timoun kou granmoun. Men vil Durmarsais a kenbe tèt li paske popilasyon beladèwaz la renmen lapwopte se sak fè menmsi otorite konsène yo pa mete mwayen a dispozisyon popilasyon an sa pa anpeche yo fè jefò pou kenbe vil la pwòp.

Anndan vil sila gen anpil lòt zòn ki anndanl ki fè menm travay la ki se pwoteje anviwònman se ka Croix-Fer, Los poetes ak Passe-Pomme. Tout zòn sa yo toujou rete pwòp epi lè yo pran lari yo pa fè salte, yo pa boule afè moun malgre anpil politisyen ki gen nan vil sa pa fè travay yo.

Se pi bon bagay ki ka pèmèt moun viv byen epi an sante lè yo kenbe vil yo pwòp, malgre moun Croix-Fer poko wè two gwo travay otorite ki konsène yo fè li la lap kenbe.

Belladère, yon vil, yon lòt imaj malgre sitiyasyon peyi a.

Florestal Wilky.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Cancer du col de l’utérus

Principaux faits Le cancer du col de l’utérus est le quatrième cancer le plus courant …