Kontribisyon gouvènman japonè a pou devlopman an ayiti. »

Jounen mèkredi 25 avril 2018 lan, biwo monetizasyon tout pwogram èd pou devlopman yo ( BMPAD). Ki nan bisantnè a, bay yon konferans pou laprès pou pale de diferant aktivite y’ap fè nan peyi a.

Nan konferans pou laprès sa a, direktè jeneral la mesye Fils Aimé Ignace Saint Fleur nan mikro Echo Jounal fè konnen akò sa siyen premye desanm 2016 antre gouvènman ayisyen an e gouvènman japonè a. KR 2016 se yon don kila pou kenbe yon peyi sou chimen devlopman ,Aprè antant sa gouvènman japonè a mete kòm don twa san senkant milyon yens japonè (350.000.000.00) lè ou konvètil an ameriken li bay twa milyon dimil dola ameriken (3.010.000.00). Ak montan sa yo achte yon kantite diri ki vini 5772 tòn metrik diri nan de kalite, premye a yo achte twa mil kat san swasann twa tòn diri ameriken. Dezyèm nan de mil twa san uit tòn diri japonè.

Diri sa yo debake nan pò moulen dayiti lafito 14 janvye 2018, aprèsa yo transpòtel nan depo BMPAD ki tou prè a.

Dirijan yo ofri èd alimantè sa nan mache nasyonal la ak yon pri ki favorab pou tout moun.

Pwogram kedibwaronn nan se yon inisyativ akaraktè intènasyonal gouvènman japonè a, malgre relasyon ayiti te deja egziste avel, men li patko gen chans benefisye èd sa.
Pwojè sa gen pou misyon investi nan plizyè aktivite ak karaktè sosyal.
Tankou fè pase pwojè, distribisyon èd alimantè, kòmèsyalizasyon,( infrastrikti).

Nan kad pwogram sa kondisyon mounn ki pap travay pou gwo kòb yo ap jwenn soulajman kote ke ayiti ap gen yon relasyon pi sere avèk gouvènman japonè

 

 

Louis Kervens
kervenslouis459@gmail.com (44120020)

Michel St Louis
47852585

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …