Apre ekip Ajantin nan te fin pèdi premye match yo a (0-2) fas ak Kolonbi, ayè mèkredi 19 jwen 2019 la yo te al eseye chèche laviktwa fas ak Paraguay men yon match ki fini nil, yon nil ki pa fè byen ak ajanten yo.
Aprè anpil bèl atak bòkote de (2) ekip yo se nan fen premye peryòd la a nan 39′ minit jwèt la ekip Paraguay a ta pral jwenn ouvèti eskòa gras avèk yon bèl gòl de Santchez R. ki te fè filè ajanten yo souke. Men Ajantin ta pral jwenn gòl egalizasyon yo a sou penalti nan 57′ minit avèk Messi ki te transfòme’l an gòl.
Kèk minit apre Ajantin fin jwenn penalti a ekip Paraguay a ta pral benefisye yon penalti tou, ekip Paragweyèn nan ki te gen desten’l nan men’l avèk posiblite pou make yon dezyèm gòl pou mete match la 2-1 men Detlis Gonzales ta pral rate penalty a fas ak Armani ki detounen balon an an kònè pou efase gòl la.
Apre nil sa Lajantin toujou twouve’l nan dènye pozisyon nan poul la malgre limenm ak Qatar yo chak gen yon pwen men Ajantin gen yon pwen ak-2 men Qatar li menm se yon pwen ak-1. Ajantin ki gen pou devwa bat ekip Qatar nan pwochen match si tout fwa li ta vle kontinye konpetisyon an.
Florestal Wilky