KOPA AMERIKA: EKIP KOLONBI AN METE PRENSIP SOU SELEKSYON AJANTIN NAN

Malgre prezans sipèsta Ajanten an akonpanye lòt koyekipye nan gwo nivo yo, seleksyon Ajantin nan tonbe (0-2) fas ak Kolonbi jodi samdi 15 jwen 2019 la nan stad Fonte Nova nan peyi Brezil.

Se te yon bèl premye mitan avèk bèl pèfòmans tou de (2) ekip yo ki tap chèche fè brek la, men sa ki pat rive fèt jiskaske premye peryòd la fini (0-0). Se te yon premye mitan ki te domine avèk ekip Kolonbyèn nan 56% posesyon boul la kont 46% pou Ajantin.

Se gras avèk Martinez ekip Kolonbi a ta pral jwenn chemen filè pou mete match la (1-0) 71zyèm minit. Malgre anpil tantiv bòkote ekip Leo Messi a pou te jwenn egalizasyon sa pat janm mache jiskaske Zapata pral kuit kawòt la pou asire yon bèl viktwa kolonbyèn nan 86zyèm minit depi lè sa match la (2-0.)

Aprè bèl viktwa sa ekip Kolonbi a okipe premye plas la nan poul B a. Ajantin li menm ki pa konfòtab aprè defèt sa li gen pou devwa asire yon viktwa nan pwochen match la.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …