KOSTARIKA/KOURAN: PEYI KOSTARIKA JWENN YON GWO PRÈ NAN LONI POU AMELYORE KOURAN LAKAY YO.

Peyi Kosta Rika resevwa yon gwo prè nan Nasyon zini ki evalye a 250 milyon dola ki pral pèmèt yo pase men nan kouran lakay yo.

Lajan sa, ki soti nan “Fonds vert’’ nan nasyon Zini pral pèmèt yo konstwi yon tren eletrik kap gen senk (5) liy, yon pwogram ki gen anpil avantaj ladann sitou nan pwoteje anviwonman selon sa prezidan Kostarika a Carlos Alvarado fè konnen.

Nap siyale peyi Kostarika se youn nan peyi nan rejyon an ki pran anpil dispozisyon pou pwoteje anviwonman an kote yo elimine anpil bagay lakay yo ki kapab polye lè a.

 

KREDI FOTO: WIKIPEDIA

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …