KWADÈBOUKÈ/ ARESTASYON : LAPOLIS NAN KOMIN KWADÈBOUKÈ METE ANBA KÒB PREZIME CHÈF GANG RICOT AK 2 LÒT KONPLIS LI

Lapolis nan Kwadèboukè mennen yon operasyon nan Bedet 7, patiklyèman nan vilaj pasifik kote yo mete anba kòd prezime chèf gang Joseph Jean Evens alyas Ricot ak 2 nan konplis li yo ki se Mervilien Walken epi Joseph Jivens, daprè yon mesaj ki poste sou kont ofisyèl fesbouk PNH la.

« Nan kad operasyon sa, Lapolis sezi : 3 fizi 12 e 17 katouch ; 1 mini « uzi » mini silansye e yon chajè; 1 pistolè 9 mm; 4 motosiklèt ; 1 konpresè; 2 pens ki ka koupe ; yon paspò ak yon pè plak », daprè sa Lapolis Nasyonal Dayiti fè konnen.

Selon fòs lòd yo, pou kounya, prezime bandi twouve yo nan komisarya Kwadèboukè a avan dosye yo defere devan lajistis.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …