LEMOND/ESPÒ:*ATALANTA METE DO JUVENTUS ATÈ EPI AN MENM TAN MOUTE SOU PODYÒM NAN.*

Ekip Juventus la pèdi 1-0 anfas ekip Atalanta a nan kad 31yèm jounen chanpyona italyen an.

Nan yon match enpòtan nan batay k ap fèt pou jwenn yon plas « ligue des champions », Juventus tonbe 1-0 kont Atalanta a ki, li menm, avèk viktwa sa pran 3zyèm plas klasman an nan men Juventus.

Gras ak Malinovsky ki make sèl gòl match la nan avantaj Atalanta, ekip Dea a moute nan twazyèm plas klasman an.

N ap raple, meyè bitè chanpyona italyen an, jwè Juventus la, Cristiano Ronaldo pat jwe match la akoz lavèy li te gen yon blesi miskilè.

Echo Jounal

Kredi foto:net

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …