LEMOND/ AFWONTMAN: LAME ISRAYÈL LA TOUYE 89 TEWORIS NAN LÈS PEYI EJIP.

Lame peyi Israyèl anonse jounen dimanch premye dawout 2021 an, nan kad yon operasyon yo mennen kont gwoup teworis  » Daesh » yo 89 ladan yo pèdi lavi yo nan « Sinaï » ki nan Lès Ejip.

 » nan kad batay nou ap mennen pou rive tabli lapè, epi genyen teworis yo lame a touye 89 danje « Jihadistes » manm gwoup « Daesh » yo ki tap simen dezagreman nan Nò « Sinaï », sa nou li nan kominike lame Israyèl la ki pa presize dat operasyon an. Pilwen, yo presize pandan operasyon sa 404 bonm, 13 « Tunnels » rive detwi teworis yo te konn itilize pou rantre sou teritwa Ejip depi Gaza, teritwa palestinyen ki se vwazen.

Nou ap fè remake, se depi nan mwa fevriye 2018, lame Israyèl la tanmen yon seri operasyon kont gwoup « jihadiste » yo, pou pi piti 1660 deja mouri ladan yo.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …