LEMOND / AKSIDAN : NAN PEYI ITALI POU PITI DOUZ (12) MOURI NAN YON KABIN TELEFERIRIK KI SOT TONBE .

Pou piti douz (12) mouri jounen dimanch venn twa (23) me 2021 an, nan estasyon teleferik  » balnéaire Piémont » ki sou  » Lac Majeur » ki twouvel nan Nò peyi Itali.

Selon bilan otorite yo prezante aksidan kabin teleferik la gen pou pi piti douz (12) mouri, daprè sa sekouris kite sou plas nan alpin yo deklare sou kont twitè yo.

Nan yon mesaj sou kont twitè li premye minis Itali a Mario Draghi, ki prezante senpati bay moun ak fanmi ki viktim nan aksidan kabin teleferik bla .

N ap souliye, se jounen dimanch lan otorite nan peyi Itali te leve mezi yo te pran kont maladi kowonaviris la. N ap fè remake, seri aksidan kabin teleferik yo pa konn fèt souvan nan peyi Itali dènye a te fèt depi twa (3) fevriye lane 1998.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …