Yon avyon militè peyi Risi, ki sot tonbe jounen dimanch 10 oktòb 2021 an, nan vil Tarastan, lakoz 16 moun mouri ak 7 lòt sòti blese daprè premye enfòmasyon otorite peyi Risi yo kominike, fè konnen avyon sa ki te pote 23 parachitis sivil.
Selon medya anliy, » RIA Novosti », 7 viktim nan » Crash » avyon gentan ale pran swen sou kabann lopital epi ladan yo gen 2 ki te grav anpil. Sou bò pa yo, medya anliy « Interfax », avyon sa se ta yon avyon paramilitè pou gwoup » DOSAAF », ki se soyete benevola ki ap asiste lame Risi a.
N ap raple, avyon militè peyi Risi toujou ap tonbe nan ekstrèm Oryan, peyi sa ki mete gwo kè sote lakay otorite yo sou sitiyasyon sa.
Dieuva Occidor