LEMOND/AKTYALITE : YON FITI KANDIDA FANM POU ELEKSYON MINISIPAL YO NAN PEYI MEKSIK PÈDI LAVI LI.

Yon fiti kandida fanm nan eleksyon minisipal peyi Meksik yo pou mwa jwen ki ap vini la pèdi lavi li jounen samdi 20 mas 2021 an.

Selon otorite nan peyi meksik yo militan politik fanm sa ki rele Ivonne Gallegos mouri anba bal yon gwoup malfra ki nan eta Oxona ki nan sid peyi a aprè zak la ki tou mete van nan vwèl yo , toujou daprè lapolis  « d’Ocotlàn de Morelos  » , ki fè konnen fanm politik la ki te gen ak li yon lòt moun blese byen grav anba bal bandi yo .

Yon zak asasinay lidè politik nan peyi Meksik denonse, se ka pou prezidan pati politik aksyon nasyonal (PAN) lan Marcko Cortés,
sou kont twitè li deklare  » li kondane zak sa epi mande pou otorite lajistis peyi meksik louvri yon ankèt sou sak pase a « .

N ap fè remake zak ensekirite ak kriminalite a kontinye ap taye banda nan peyi meksik nan dat 13 mas 2021 an , 14 polisye te mouri nan yon anbiskad nan vil Aguilila ki nan Michoacan.

Dieuva Occidor echo jounal .

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …