Chèf diplomat Meksiken an Marcelo Ebrard anonse jedi 15 oktòb 2020 an ansyen minis Meksiken nan defans lan jeneral Salvador Cienfuegos arete nan ayewopò Los Angeles ,Californie peyi Etazini San li pa pale poukisa yo arete li.
Pakè Meksiken an ki pat vle pale sou sa fè konnen aprè kèk tan yo gen pou di sa ki fè ansyen minis lan arete nan peyi Etazini an.
arestasyon sa se rezilta yon ankèt pou koripsyon epi nakotrafik ke ministè jistis ameriken an tap fè depi plizyè lane selon envestigasyon meksikèn Proceso .
Kèk medya nan peyi Meksik fè konnen ansyen minis lan arete pandan li te akonpanye fanmi li pou li antre Etazini.
Angeline Michel