LEMOND/ARESTASYON:LAPOLIS ARETE YON NAN MOUN KI TE AN TÈT ATAK NAN INIVÈSITE KABOUL 2 NOVANB PASE A.

Lapolis rive arete moun ki te an tèt atak ki te fè nan inivèsite Kaboul lan kote bandi te touye pou pi piti 22 moun 2 novanb pase a daprè sa vis prezidan Amrullah Saleh fè konnen sou paj Facebook li.

Lame Afghanistan te mete men sou asasen an ki rele Adil ki nan yon rezo Haqqani,yon gwoup lye nan Taliban.

Amrullah saleh fè konnen atak sa te fèt pou fè presyon sou gouvènman epi pou fè li vini fèb devan pèp lan.

Angeline Michel

Kredi foto:rfi

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …