LEMOND/ARESTASYON:PITIT GASON ANSYEN SELÈB FOOTBALLÈ KI TE VINI PREZIDAN REPIBLIK LIBERYA JWENN ARESTASYON LI

Pitit  gason ansyen footballè ki te vini prezidan Liberya jwenn arestasyon li nan yon apatman li lwe nan Airbnb nan lannwit lendi pou leve madi 2 fevriye 2021 an.

George Weah Jr te jwenn arestasyon akoz li te aji an rebelyon epi li te repete anpil bagay ki lèd.

Lapolis lan fè konnen bò 3h 20 li te ale nan yon kay nan avni Wilson pou yon  tapaj ki tap fèt nan lannwit  men lè yo rive te gen 8 moun nan apatman  ki pat gen respè pou mezi prekosyon sante moun dwe pran pou pandemi kowonaviris lan.

Youn nan moun ki te sou nan moman se te George Weah 33 lane ki se pitit ansyen prezidan Liberya nan lane 2018.

Angeline Michel

Kredi foto: you tube

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …