Yon jèn gason 18 lane kite gen yon kouto nan menl touye senk (5) moun, twa (3) timoun ak de (2) anplwaye yon krèch nan Sawodadès, yon ti vil nan Eta Santa Catarina nan sid peyi Brezil.
Jèn gason 18 lane a, aprè krim lan te deside pike tèt li ak kouto nan vant li, yo te kouri lopital ak prezime kriminèl la, selon yon kominike lapolis militè peyi Brezil mete deyò.
Twa (3) jounen dèy ofisyèl yon katriyèm timoun gen yon blese lejè, selon presizyon komisè Jerõmino Marçal Ferreira nan pwen près devan krèch la, li ajoute asayan pat gen okenn pwoblèm jidisyè.
Nou ap siyale, malgre otorite yo nan eta Santa Caritana, ki pa presize laj viktim yo, daprè medya nan peyi Brezil krèch la se timoun sis (6) mwa pou rive laj de (2) lane.
Dieuva Occidor.