LEMOND/ ATAK : SENK (5) MOUN MOURI NAN PEYI NÒVÈJ

Peyi Nòvèj souke jounen mèkredi trèz (13) oktòb 2021 an, anba zak vyolans  kote senk (5) moun mouri ak de (2) lòt sòti blese aprè yon endividi ak zam fin fè yon atak sou manm popilasyon an nan  » Kongsberg » yon vil nan peyi Nòvèj, daprè enfòmasyon responsab lapolis yo kominike nan laprès.

Nan yon pwen pou laprès youn nan responsab polis Nòvèj Yvind Aas, fè konnen gen yon ankèt ki deja louvri sou sa zak sa a ,rete pou otorite yo dekouvri si se yon zak teworis. Pilwen, lapolis Nòvèj, presize sispèk ki arete a gen trant sèt (37) lane epi li tap viv nan menm vil la.

Daprè chèn televizyon, « TV2 », ki nan peyi Nòvèj ki presize sispèk yo arete a te gen kouto sou li ak plizyè lòt zam nan moman li .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …