LEMOND /DÈY: YON ANSYEN PREZIDAN PEYI PÒTIGAL PATI POU PEYI TÈT SAN CHAPO 

Ansyen prezidan potigè an Jorge Sampaio, 81 lane  rann dènye souf li nan jounen 10 septanm 2021 an nan kapital peyi Pòtigal (Lisbòn)  daprè sa fanmi li fè konnen nan « agence Lusa ».

Ansyen prezidan te soufri pwoblèm kadyak epi li te lopital depi nan mwa dawout lan men vandredi 10 septanm nan li pèdi lavi li.

Sekretè jeneral pati sosyalis lan Jorge Sampaio te okipe plizyè pòs bò kote Nasyonzini .Li te majistra Lisbòn epi prezidan peyi an soti 1996 pou rive 2006.

Selon minis Augusto Santos Silva  ansyen prezidan ap antere nan simityè Alto Sao Joao apré seremoni an kap gen pou fèt nan monastè  »
Hiéronymites »kote ap gen anpil lòt gwo chabwak.

Jorge Sampaio kite « yon byen 2 fwa ki fèt ak libète men tou ak egalite « daprè prezidan Pòtigal lan  Marcelo Rebelo sousa .

Gouvènman sosyalis lan anonse twa jou dèy nasyonal  kap kòmanse samdi pou sekretè jeneral pati an.

Angeline Michel

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …