LEMOND/DIFE: TREZ (13) MALAD KOWONAVIRIS MOURI ANBA FLANM DIFE NAN PEYI END.

Trèz (13) malad kowonaviris mouri maten vandredi 23 Avril 2021 an, nan yon lopital nan katye popilè « Bombay » nan peyi End, selon esplikasyon responsab ponpye yo nan peyi End.

Gwo dife sa eklate nan lè 3 zè , Jiskaprezan poko konnen orijin dife a ap kontinye mennen ankèt sou orijin lan toujou daprè responsab ponpye yo.  » te gen di sèt (17) malad ki te nan swen entansif nan lopital la , 13 ladan yo mouri kankannen, kat (4) lòt yo transfere nan yon lòt lopital toujou nan menm vil la », deklarasyon Morrison Khavari ki se youn nan responsab nan ponpye peyi End.

Nou ap raple, nan koumansman mwa Avril la, kat ( 4) malad kowonaviris te deja mouri nan yon dife kite eklate nan yon klinik prive nan Eta « Maharashtra » alòske nan mwa Mas, onz (11) lòt malad te mouri nan dife toujou nan katye popilè « Bombay ».

Dieuva Occidor .

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …