LEMOND /DIPLOMASI: PEYI LA RISI DENONSE REFI YON DYALÒG PIBLIK ANT PREZIDAN JOE BIDEN AK VALDIMIR POUTINE JOUNEN LENDI A .

Nan yon kominike ministè afè etranjè peyi la Risi denonse yon refi dyalòg piblik ant prezidan Vladimir Poutine epi prezidan Joe Biden jounen lendi 22 mas 2021 an.

san okenn esplikasyon sou refi dyalòg sa  ministè afè etranjè peyi la Risi kalifye kòm yon fot grav ak yon okazyon rate pou mete fen nan chirepit diplomatik ant 2 peyi yo .

N ap raple , chirepit diplomatik ant peyi la Risi ak peyi Etazini gen plis pase yon semèn kote  prezidan Risi a Vladimir Poutine , te deside retire anbasadè Peyi la Risi nan peyi etazini akoz yon deklarasyon prezidan Joe Biden te fè li te trete Vladimir Poutine  » kòm yon demon « .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …