LEMOND /DRAM: 14 MOUN MOURI KANKANNEN NAN PEYI MASEDWÀN NÒ.

Katòz (14) moun mouri kankannen nan lannwit mèkredi 8 pou louvri jedi 9 Septanb 2021 an, nan yon lopital tretaman kowonaviris nan peyi Masedwàn Nò, selon anons minis sante peyi a Venko Filipce.

San okenn moun poko konn koz gwo dife sa ki lakoz 14 kretyen vivan mouri boule, pwokirè Eta « Tetovo » a, bay lòd pou otopsi 14 kadav yo pou kapab chache konnen si pagen lyen kriminèl nan dife sa a.

Nou ap siyale, maladi kowonaviris la ki ap taye banda nan peyi Masedwàn Nò, deja touye 6 100 moun ak plizyè milye lòt kontamine nan maladi kowonaviris la.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …