LEMOND/ DRAM : YON LYON TOUYE TWA (3) ELÈV LEKÒL EPI BLESE YON LÒT NAN PEYI TANZANI.

Yon lyon manje lendi de (2) dawout 2021 an, twa (3) timoun ki gen laj nèf (9) pou rive onz (11) lane nan « Ngorongoro » ki se rezèv forè nan peyi Tanzani.

Timoun sa yo ki te vin nan lekòl ki tou prè forè a epi yo te deside al gade plizyè espès zannimo konsa lyon an debake epi manje twa (3) timoun sa yo ak blese yon lòt, daprè esplikasyon chèf polis vil « Arusha » Justine Masejo.

Forè « Ngorongoro » ki twouvel nan Nò peyi a, « UNESCO » klase kòm yon patrimwàn mondyal akoz peyizaj li. Chèf polis la Justine Masejo, ki lanse yon apèl bò kote moun ki ap vizite forè a pou fè anpil pridans akoz gwo bèt sovaj ki ladanl.

Nou ap siyale, otorite Tanzani yo ki bay lòd pou elèv yo viv nan pak nasyonal ak seri bèt sovaj sa yo, lyon, elefan yon fason nan kad vizit touristik pou kapab gen kontwòl yo men, ki pa anpeche yo konn fè gwo dega touye plizyè moun.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …