Salvador, yon peyi nan amerik santral la, vini premye peyi nan monn lan depi madi 7 septanm 2021 an ki otorize Bitcoin kòm monnen legal bò kote dola ameriken an. Gouvènman nan peyi Salvador pran Desizyon sa malgre popilasyon an, ekonomis ak òganis finansye entènasyonal t ap kritike yo.
Malgre anpil retisans bò kote popilasyon an, epi anpil kritik bò kote ekonomis yo ak òganis finansye entènasyonal yo, peyi Salvador vini premye peyi nan monn lan ki otorize Bitcoin kòm monnen legal bò kote dola ameriken an.
Nan yon twit inisyatè refòm nan, prezidan Nayib Bukele, fè li fè konnen @chivowallet a pa fonksyone ankò yo dekonekte l pandan yo ogmante kapasite sèvè yo.
Prezidan Nayib Bukele lanse tou « porte monnaie » elektwonik « chivo » ( « sipè ») nan langaj familye nesesè pou fè tranzaksyon chak jou ak Bitcoin sou telefòn pòtab kote moun yo ap benisfye 30 dola byenvini apre yo fin telechaje li.
Nou ap note, gouvènman an achte 400 pyès pou yon valè ki koute 21 milyon dola ameriken.
Jackson junior Rinvil