LEMOND/ ELEKSYON : PATI VLADIMIR POUTINE LAN RANPÒTE PI FÒ PÒS LEJISLATIF YO.

Eleksyon lejislatif yo ki tap reyalize 17,18 ak dimanch 19 Septanm 2021 an, nan peyi la Risi premye sondaj yo montre pati politik « Kremlyn », pati prezidan Vladimir Poutine lan ranpòte pifò pòs yo.

Selon premye rezilta ki kominike sou pousantaj kontaj vòt yo montre pati Poutine lan, genyen 39 % vòt yo, kontaj ki fèt sou plis pase 10 % biwo vòt yo. Manm komisyon elektoral yo, ki bay yon rezilta pwovizwa nan kantite vòt yo rive konte kote yo konstate pati « Russe Unie » fè 39 % vòt yo, li depase pati kominis  » KPRF » ki fè (24,67 % ). Pati Nasyonalis LDPR ( 9,4 % ), epi  » Nouvelles personnes » fè (7,7 % ), ak pati Santris Risi ki fè (6,8 % ).

Nou ap siyale, eleksyon yo ki te oblije fèt sou 3 jou akoz maladi kowonaviris la ki ap ravaje mond lan. Pou pi piti 108 milyon elektè te al vote nan eleksyon an.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …