LEMOND / ESPÒ : APRÈ 10 LANE, MEYÈ BITÈ MANCHESTER CITY KITE EKIP LAN NAN FEN SEZON AN*

Entènasyonal Ajanten an, Sergio Kun Agüero nan tèt kole ak Manchester city, anonse jounen lendi 29 mas la jwè a ap kite ekip la nan ete k ap vini an kote kontra li ap pran fen.

Aprè 10 lane pase nan nan peyi Angletè, atakan Ajanten an vle fè yon lòt eksperyans.

Li gen 32 lane, li se meyè bitè istwa Manchester City avèk yon total 257 gòl pou sèlman 384 match jwe sou koulè  » Skyblues » yo.

Sergio Agüero eksprime sa l santi sou kont twitter li aprè 10 lane li pase nan City.  » Lè yon sik rive nan fen l, gen yon pakèt sentiman ki prezan. M ap pote avè m satisfaksyon ak fyète pou 10 lane m te pase nan Manchester City ».

Laprès espòtiv entènasyonal, anonse yon pakèt Club ki ta renmen jwenn sèvis atakan Ajanten an. Pami Club sa yo gen PSG ak foutbòl Club Barcelone.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto: One football

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les employés de l’ONA unis pour défendre leur institution et leur Directeur Ronald Bazile face aux pressions politiciennes

Ce mardi 17 juin 2025, les employés de l’Office National d’Assurance-Vieillesse (ONA) ont organisé une …