LEMOND/ESPÒ: APRE DE MATCH NIL REAL FÈ YON BOUT VIKTWA.

Ekip Real Madrid la konnen yon bout viktwa maten samdi 14 septanm 2019 la nan kad katriyèm jounen liga a lakay li Santigo Bènabewo a.

Ekip Real Madrid la ki te konn de match nil youn dèyè lòt nan dezyèm ak twazyèm jounen Liga a konnen viktwa nan katriyèm jounen an, Benzema ta pral make de (2) gòl nan 25′ ak 31′ nan jwèt la epi brezilyen an Casemiro ta pral make nan 40′ e mete match la (3-0).

Byen bonè nan dezyèm (4′) mitan an ansyen madrilèn nan Borja Mayoral ta pral redui skò a pou Levante (3-1) epi Conzalo Malero ta pral make yon dezyèm gòl nan 75′ ki ta pral mete yo (3-2) nan dènye minit yo (90+1) Thibaut Coutois tap sove ekip Real la e evite yon twazyèm match nil.

Ti bout viktwa sa pèmèt a ekip Real Madrid la rete nan dezyèm plas la ak 8 pwen, ekip Merenge a ap pou al afwonte FC.Seville lakay li 22 septanm 2019 pou senkyèm jounen an.

 

Kredi foto: Eurosport.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

La ministre des Sports convoquée à la Primature : un drapeau sans capitaine

L’image aurait dû être forte. Celle d’un gouvernement soudé, rassemblé autour du bicolore national, célébrant …