LEMOND/ESPÒ:ANSYEN JWÈ ENTÈNASYONAL FRANSÈ A YO JWENN LI MOURI NAN PAK SEN KLOU

Madi 24 novanm 2020 an ansyen jwè entènasyonal fransè rugbi Christophe Dominici  yo jwenn li mouri nan pak Sen Klou touprè kapital Lafrans .

Christophe Dominici 48 lane selon premye ankèt ki fèt moutre se sou  do yon batiman ki nan pak lan li te monte  nan kòmansman aprèmidi an  avan li sote daprè yon sous polisyè.

Yon temwen te wè jwè a fè yon chit nan 10 mèt daprè yon sous jidisyè .pakèt Nanterre nan rejion Parisyèn nan ouvè yon ankèt pou jwenn vreman koz lanmò Christophe Dominici.
Angeline Michel

Kredi foto :wales online

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …