LEMOND/JISTIS : ASASEN GEORGES FLOYD LA JWENN LIBERASYON LI.

Asasen afro ameriken an Derek Chauvin jwenn liberasyon li jounen mèkredi 7 oktòb 2020 an sou kosyon nan lakou peyi Etazini.

Polisye Derek Chauvin ki gen 44 lane sou tèt li te parèt nan yon video nan dat 25 me 2020 an nan eta Minneapolis kote li te mete jenou li sou tèt afwo ameriken Georges Floyd ki ta pral mouri tou swit apre.

Yon lanmò ki ta pral leve kòlè anpil moun nan mond lan espesyalman nan peyi Etazini ki te konnen anpil gwo manifestasyon vyolan pou te kondane zak sa epi mande jistis pou Georges Floyd.

Polisye sa jwenn liberasyon li sou kosyon aprè li te fin peye yon milyon dola vèt.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …