LEMOND /JISTIS:  POLISYE DEREK CHAUVIN DEKLARE KOUPAB NAN TRIBINAL PEYI ETAZINI

Tribinal Minneapolis ki nan peyi Etazini deklare koupab, Madi 20 avril 2021 an ansyen polisye Derek Chauvin aprè li te akize nan lanmò afwo ameriken an George Flyod._

Omisid envolontè ak asasinay  premye degre se kèk nan akizasyon tribinal la te gen kont ansyen polisye Derek Chauvin.

Tribinal la ki te gen 12 jire ki te nan pwosè a te rekonèt Derek Chauvin koupab sou lanmò George Flyod la.

Moun yo te akeyi nouvèl la devan tribinal la ak gwo bravo lankontman daprè sa enfòmasyon yo rapòte.

Derek Chauvin te asasinen afwo ameriken an George Flyod 25 me 2020 an .Nan yon videyo ki t ap sikile sou tout rezo sosyal yo polisye Derek Chauvin te mete jenou l sou kou afwo ameriken an ki, li menm, te gen minòt nan ponyèt li epi li t ap di « m pa ka respire ».

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:lapresse

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …