LEMOND/ KATASTWÒF :POU PI PITI DOUZ (12) MOUN MOURI NAN YON EFONDREMAN NAN PEYI END.

Efondreman yon gwo kay nan peyi End mèkredi swa nèf (9) jen pase nan bidonvil « Bombay » lakoz pou pi piti douz (12) moun mouri ladan uit (8) timoun, daprè bilan pwovizaw yo prezante maten samdi douz (12) jen 2021 an.

Daprè enfòmasyon, youn nan responsab minisipalite  » Bombay » yo fè konnen, efondreman sa vini akoz gwo lapli ki tap tonbe sou bidonvil la, pandan li presize rechèch yo ap kontinye pou jwenn rès kò ak kadav ki rete anba gwo kay la.

Fòk nou di, aprè efondreman gwo kay la otorite yo deside etire tout moun ki te abite nan kay ki gen domaj pou evite gen plis viktim, pandan moman lapli ki ap tonbe nan peyi End.

Dieuva Occidor

Kredi foto: Afp

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …