LEMOND/KOWONAVIRIS :ANSYEN PREZIDAN BURUNDI AN PIERRE BUYOYA PÈDI LAVI LI NAN PANDEMI KOWONAVIRIS LAN

Dèy nan peyi Burundi kote li pèdi youn nan ansyen prezidan li,ansyen reprezantan inyon afriken pou peyi Mali epi  Sahel a 71 lane nan pandemi kowonaviris lan nan lannwit .

Ansyen prezidan Pierre Buyoya te kontamine nan kowonaviris lan pandan li te Bamako nan peyi Mali.Li te nan lopital pastè nan kapital Mali depi yon semèn epi sante li te vini pi grav daprè fanmi li.

Pierre Buyoya te pran avyon pou li ale pran swen nan kapital peyi Lafrans jedi nan aprèmidi epi li te rive nan lannwit men li te gentan mouri anvan li te rive nan lopital parisyen an .

Angeline Michel
Kredi foto :bbc.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …