LEMOND/KOWONAVIRIS: OTORITE NAN PEYI ESPAY YO METE DEYO YON BILAN KI BAY GWO KE KASE.

Nan yon bilan ki soti nan peyi Lespay pou jounen jedi 12 mas 2020 an 84 moun gentan fè vwal pou peyi san chapo epi pou pi piti twa mil lòt ap soufri ak epidemi sila.

Selon enfòmasyon yo vil Madrid se vil kote ki gen plis moun ki kontamine ak epidemi sa kote yo deja konte 1.388 ka sa ki koz otorite yo pran desizyon fèmen tout lekòl pandan jounen mèkredi 11 mas 2020 an ak plizyè lòt aktivite nan vil la epi nan peyi Espay.

Yon sitiyasyon ki pouse tout moun nan mache prese pou mete manje lakay yo ak medikaman.

 

kredi foto: Libération

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …