LEMOND/ KOWONAVIRIS : TWA (3) OFISYÈL NAN PEYI BREZIL KONDANE POU PEYE AMAND AKOZ YO PAT POTE MAS YO.

Lajistis nan peyi Brezil, kondane prezidan Jair Bolsonaro ak tout pitit li Edourdo epi minis enfrastrikti brezilyen an Tarcisio Gomez akoz yo pat pote mas yo nan moman kowonaviris la.

Lajistis peyi Brezil, kondane twa (3) ofisyèl sa yo pou 108 dola akoz yo tap sikile san mask nan Eta Sao Polo.  » Lajistis nan Eta Sao Polo, kondane prezidan Jair Bolsonaro, pitit li Edouardo ak minis enfrastrikti Tarcisio Gomez pou peye 552″ reais » kise lajan brezilyen an ki evalye ak 108 dola ameriken kòm amand paske yo pat pote mas ak pa respekte distans fizik nan moman yon rasanbleman nan Eta Sao Polo « , se sa gouvènè Eta Sao Polo a, Joao Doria fè konnen.

Li bon pou nou di, prezidan Jair Bolsonaro ki pa janm dakò ak plizyè gouvènè nan Eta yo ki pran mezi pou fè tout sitwayen pote mas ak respekte distans fizik la. N ap fè remake, maladi kowonaviris la deja touye pou pi piti 485.000 moun nan peyi Brezil.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …