LEMOND/LAPRÈS: PREZIDAN JAIR BOLSONARO MANKE LAPRÈS NAN PEYI BREZIL DEGA.

Prezidan peyi Brezil la, Jair Bolsonaro, manke laprès peyi brezil dega jounen lendi venteyen (21) jen 2021 an, nan kad yon pwen pou laprès.

Prezidan Brezilyen an ki tap pote esplikasyon sou rezon ki fèl pa twò konn pote mas lèl nan mitan moun, Prezidan Jair Bolsonaro pati ak yon bò  » groupe Globo » ki se youn nan pigwo medya nan peyi Brezil.

 » fèmen bouch ou,  » TV Globo » nou ap rann metye jounalis la pouri ki pa vo anyen. Yo vle detwi fanmi brezilyèn lan, relijyon brezilyèn lan », se deklarasyon prezidan Jair Bolsonaro nan moman yon jounalis  » TV GLOBO » te fin pozel kesyon sou mas li pat pote pandan li tal patisipe nan yon seremoni nan eta Sao Polo. Jounalis la ki raple ak Jair Bolsonaro, nan plizyè eta yo deja kondanel poul peye amand akoz li pat pote mas.

Prezidan Bolsonaro, kontinye pou li betize ak jounalis la  » sa w wè ou kontan kounye a? Mwen prale janm vle a, dakò. Daprè sa li ajoute, pandan li mande ak jounalis « TV Globo » a pou ekri nan jounal li a  » mwen pat pote mas nan vil Guaratingueta »!

Nou ap siyale, prezidan Jair Bolsonaro, te kòmanse pran a grap jounalis ki fè pati gwoup  » Globo Media » nan peyi Brezil yo depi nan kousman mandal nan lane 2019.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …