LEMOND/POLITIK:LAPOLIS NAN PEYI JÒDANI ARETE POU PI PITI 2 MOUN NAN WAYÒM NAN MEN TA SANBLE  SE YON TANTATIV POU RANVÈSE WA.

Gen pou pi piti 2 moun ki pwòch fanmi wayal nan peyi Jodani ki jwenn arestasyon yo samdi 2 avril la pou rezon sekirite.

plizyè videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo montre yon gwo deplwaman Lapolis ki pa lwen palè wayal yo nan katye « Dabouq » nan yon lokalite ki rele « Amman ».

Daprè enfòmasyon ajans près ofisyèl ki rele Petra a bay, li fè konnen otorite yo mete lapat sou Bassem Awadallah yon ansyen konseye wa a ak kèk lòt moun ankò pou rezon sekirite.

Daprè Washington Post, prens Hamza plase sou restriksyon nan palè  » Amman » aprè sa ki pase a. Pou otorite yo, se yon tantativ ki vize ranvèse wa Abdallah II savledi se yon konplo.

Daprè vis prezidan peyi Jòdani an, Aymane Safadi, nan yon konferans pou laprès li bay jounen dimanch 4 avril  2021 an fè konnen se ta prens Hamza ki se demi frè wa Abdallah II ki ta dèyè konplo sa men Lapolis arete Bassem Awadallah, Cherif Hassan Ben Zaid ak 14 lòt moun ankò pou pi piti.

« Sèvis sekirite yo suiv alalèt pandan yon pakèt tan aktivite ak mouvman prens Hamza ben Hussein, Cherif Hassan Ben Zaid ak lòt moun nan kad sekirite ak enstabilite peyi a » , deklarasyon vis prezidan an Aymane Safadi.

Li fè konnen ankèt yo jwe yon wòl enpòtan nan siveye kontak ak entèvansyon peyi etranje yo ki vle destabilize peyi Jòdani.

Daprè sa RFI rapote, sèvis sekirite yo mande wa a pou li bay tout non moun ki nan konplo kont Leta a.

Echo Jounal

Kredi foto :tv5 monde

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Lemond/konfli: Prezidan peyi Kolonbi an leve tout plim sou do prezidan ameriken an, Donald Trump.

Gwo konfli ant prezidan ameriken an, Donald Trump ak prezidan peyi Kolonbi an, @petrogustavo. Konfli …