Gouvènè eta nouyòk la Andrew Como, 3 fanm akize li mèkredi 3 mas 2021 an kòm moun ki fè asèlman seksyèl sou yo .
» mwen pap remèt demisyon mwen nan eta nouyòk, gen yon ankèt ki louvri sou dosye akizasyon asèlman 3 fanm yo ki pote plent kont mwen yo, lajistis nan eta nouyòk deja louvri yon ankèt m ap mande nouyòkè ak nouyòkèz yo rete tann rezilta ankèt la » deklarasyon gouvènè Andrew como.
Se pandan, pwokirè eta Nouyòk la k ap mennen ankèt sou dosye a pa bay okenn dat pou fini ak dosye 3 fanm sa yo ki pote plent pou asèlman seksyèl kont gouvènè Andrew Como.
Ansyen konseyè li, Lindsey Boylan ki gen 36 lane, te deklare nan moman li t ap travay ak li sòti 2015 pou rive 2018 , gouvènè à te pwopoze e swete Jwe ak li « strip poker » .
Ansyen kolaboratris li Charlot Bennet, ki gen 25 lane fè konnen nan lane 2020 , Andrew Como, te fèl kèk avans pandan li t ap travay.
Anna Ruch, 33 lane nan yon seremoni maryaj nan lane 2019 gouvènè a te anbrase li tankou anmourèz li san volonte li epi pibliye foto sa ki ta pral fè tout lemond .
Dieuva Occidor
Kredi foto:AFP