LEMOND/ SEKIRITE : LAPOLIS NAN PEYI BREZIL TOUYE 25 BANDI

Nan yon operasyon Lapolis nan peyi Brezil, mennen jounen dimanch 31 oktòb 2021 an, nan Eta « Minas Gerais », ki nan sidès peyi Brezil, yo rive touye 25 bandi ak plizyè minisyon jile pa bal, katouch ak machin sezi pandan operasyon an, daprè enfòmasyon Lapolis peyi Brezil kominike.

 » gen 25 kriminèl ki mouri, pa gen ki blese », se sa Lapolis peyi Brezil bay kòm enfòmasyon, operasyon sa ki fèt nan yon  » ferme » kote manm gang sa yo ki espesyalize yo nan fè brakaj nan bank, volè lajan, selon menm sous la.

N ap siyale, zak bandi yo ki repete souvan nan peyi Brezil, nan mwa dawout pase a, bandi ak zam te debake nan vil « Araçutuba », simen latwoublay kote te gen 3 moun mouri.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …