LEMOND/SIKLÒN: 26 MOUN MOURI ANBA YON GWO SIKLÒN KI FRAPE PEYI JAPON.

Venn six moun pèdi la vi yo byen bonè dimanch 13 oktòb 2019 la anba yon gwo siklòn ki ravaje plizyè depatman nan peyi japon

Yon siklòn ki deja koze anpil gwo dega kote anpil kay kraze, wout koupe, pyebwa kase ak rafal van, kouran koupe epi san konte plizyè machin dlo mennen ale

Yon Bilan ki jiska prezan poko definitif daprè otorite lokal yo, ki lanse yon seri operasyon ak elikoptè ki vize pote sipò bay moun ki viktim yo epi bat pou jwenn kadav moun ki mouri yo

Antretan yon seri ajan gentan depeche sou plas yon fason pou kòmanse wete tout vye fatra dlo mete nan wout yo pou pèmèt sikilasyon an reprann avan lontan

Poun fini nap fè remake Daprè premye minis peyi a ki se Shinzo Abe, fè konnen gen 4 milyon moun ki evakye epi plizyè kay moun ki te gen kouran ladan yo rive koupe akoz gwo rafal van kap kontinye

Rikenson Fulgeance

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …