LEMOND/ TRANBLEMAN TÈ : DE (2) MOUN MOURI NAN PEYI LACHIN

Yon tranbleman tè manitid 5,4 pou enstiti jewolojik Etazini, tandiske pou plizyè ekspè nan peyi Lachin tranbleman tè pase ak manitid nechèl Richtè 6, 0, sekwe maten jedi 16 Septanb 2021 an peyi Lachin, lakoz de (2) moun mouri ak twa (3) lòt sòti nan tranbleman tè sa ki sekwe pwovens  » Sichuan », selon anons medya ofisyèl chinwa yo.

Gouvènman lokal chinwa kofime lanmò 2 moun yo, sanl pa bay okenn esplikasyon sou kijan moun sa yo mouri, televizyon « China Global » televizyon  » Network » (CGTN). Seri katastwòf natirèl yo fòse otorite nan peyi Lachin yo deklanche dezyèm nivo ijans pou kapab rive sove rejyon  » Sichuan », selon medya piblik yo. Vil  » Luzhou » deja voye yon sèvis ijans pou ale sekoure moun yo, daprè sa medya anliy  » Xinhua », rapòte san okenn esplikasyon ak detay.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …