LEMOND/VYOLANS: YON NÈG TOUYE MADANM LI TOU ANSENT POU MANJE NAN PEYI SENEGAL.

Lapolis nan peyi Senegal konfime bay laprès vandredi 15 novanm 2019 la ke yon nèg touye madanm li anba kou paske lè li rantre nan kay la li jwenn fi a pat fè manje.

Aminata kà se non jè fi sa ki pèdi la vi anba kou malgre li ansent jou ki te mèkredi 13 novanm 2019 la, selon detay yo Aminata ki tal fè yon egzamen medikal te rantre lakay li fatige pat an mezi pou te ale sou dife pou te fè manje, mesye a ki te an kòlè wonfle jèn fi an anba kou pandan plis pase dezédtan jiskaske li touye li.

Lapolis ki pat pran tan pou te arete mesye apre vwazen yo te tande bri kou yo epi rele yo, selon vwazen yo se pa pou premye fwa misye ap bat fi a.

 

Kredi foto: RCI

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …