LEMONN/KOVID-19: TWA (3) KA VARYAN OMIKWON DETEKTE NAN PEYI NIJERYA

Varyan omikwon an kòmanse ap vale teren nan monn lan. Twa (3) ka detekte nan peyi Nijerya, zòn afrik lwès, daprè sa otorite sanitè yo anonse jounen mèkredi 1 desanm 2021 an.

Sant kontwòl maladi nan peyi Nijerya detekte twa ka varyan omikwon sou moun ki te vwayaje nan peyi Afrikdisid.

Moun sa yo rive semèn ki sot pase a nan peyi Nijerya e yo mete yo an izolman. « Kounya se pa konnen èske gen lòt ka varyan omikwon nan peyi a, men se konnen kilè n ap dekouvri yo », Daprè direktè sant kontwòl maladi nan peyi Nijerya.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …